Biden ap voye mask bay tout moun kap viv Etazini
Administrasyon Biden nan konsidere ke se yon bon ide pou li voye mask bay tout amerikin nan moman pandemi an. Gwoup kap travay nan administrasyon Biden nan ap gade posibilite pou yo ta voye mask bay chak grenn amerikin.jis kounya li rete kòm yon posibilite ke yo ap panse,yonn nan moun nan administrasyon an ta fè konnen Yo pale de sa anpil nan plizyè rankont otorite ki chaje pou afè sante nan peyi Etazini fè.Yon desizyon selon yo ki ka anpeche maladi Kowonaviris la pwopaje. Biden te mande pou tout amerikin pote mask pandan 100 premye jou li sou pouvwa a.E li te siyen dekrè sou sa .Men sa pako ka fèt paske jiskaprezan pako gen akò ki fèt pou konnen konbyen sa ap koute epi kibo yap pran lajan pou fè sa.Yap travay sou sa moman yo la yonn nan otorite yo ta fè konnen.