Articles

Affichage des articles du février, 2021

Biden ap voye mask bay tout moun kap viv Etazini

Image
Administrasyon Biden nan konsidere ke se yon bon ide pou li voye mask bay tout amerikin nan moman pandemi an.   Gwoup kap travay nan administrasyon Biden nan ap gade posibilite pou yo ta voye mask bay chak grenn amerikin.jis kounya li rete kòm yon posibilite ke yo ap panse,yonn nan moun nan administrasyon an ta fè konnen Yo pale de sa anpil nan plizyè rankont otorite ki chaje pou afè sante nan peyi Etazini fè.Yon desizyon selon yo ki ka anpeche maladi Kowonaviris la pwopaje. Biden te mande pou tout amerikin pote mask pandan 100 premye jou li sou pouvwa a.E li te siyen dekrè sou sa .Men sa pako ka fèt paske jiskaprezan pako gen akò ki fèt pou konnen konbyen sa ap koute epi kibo yap pran lajan pou fè sa.Yap travay sou sa moman yo la yonn nan otorite yo ta fè konnen.

Vaksin Larisi ap vale tèren

Image
  Chèf gouvènman Almay la di ke li prè pou yon akò pou Ewop itilize Vaksin Spoutnik V a ki se Vaksin ki soti nan peyi Larisi a Lachín ak Larisi se 2 peyi sa yo ki te premye kòmanse vaksinen popilasyon yo a ak Vaksin ki fèt nan peyi yo.Touswit Vaksin sa yo tapral vale tèren,yo tapral otorize Vaksin sa yo nan Emirat Arab Zini,nan Brezil,nan Meksik,nan Chili ak nan Indonezi,nan Pakistan ak nan Wonngri.Lachín gen pou pi piti 4 Vaksin,Larisi gen 1 ,Vaksin sa yo itilize nan tout mond la. Pami tout Vaksin sa yo se sèl Vaksin Spoutnik V a ki arive montre selon Lasyans efikasitel a 91.6 %.Vaksin sa li pran nan 2 fwa.Vaksin sa ta menm moutre efikasitel sou moun ki te asepte bay tèt yo pou yo pranl la san li pa fè twòp vyè efè apre yo fin pran li.

Twitter ak Facebook gen rezon?

Image
  Aprè kèlke jou ke Twitter ak Facebook ta bloke kont ansyen prezidan Donald Trump nou ka remake ke move infomasyon sou rezo sosyal yo bese Nou paka fin di ke nou sove,men nou ka rale yon souf .Aprè ke Facebook,twitter,youtube te deside bloke kont ansyen prezidan amerikin an,fotadi nou ta we ke gen mwens piblikasyon ki ale nan sans pou fè moun fache,nan sans pou voye moun al fè vyolans.Nou ta ka santi yon silans nan mitan fanatik Trump yo.Aaron Levie ki se yon antreprenè ta menm di sou kont Twitter li ke,akoz Trump pa sou Twitter ka pemèt 2% PIB anplis.

Biden Pral Renouvle Demach Pou Jwen Randevou Pou Viza Imigran Ak Travayè Yo

Image
  Madi sa kap vini la prezidan amerikin an Joseph Biden Jr gen pou li siyen yon dekrè Prezidan amerikin an pral fè diskou e lap tou siyen yon dekrè pou li modènize sistèm imigrasyon nan peyi etazini selon sa yonn nan konseye sou zafè imigrasyon li ta di nan laprès. Dekrè sa lap siyen an ap kanpe dekrè ke ansyen prezidan Donald Trump te siyen(PP10014 e 10052) ki te kanpe demach pou jwen yon randevou pou kèk kategori imigran ak kèk kategori travayè pou jwen viza.