Vaksin Larisi ap vale tèren
Chèf gouvènman Almay la di ke li prè pou yon akò pou Ewop itilize Vaksin Spoutnik V a ki se Vaksin ki soti nan peyi Larisi a
Lachín ak Larisi se 2 peyi sa yo ki te premye kòmanse vaksinen popilasyon yo a ak Vaksin ki fèt nan peyi yo.Touswit Vaksin sa yo tapral vale tèren,yo tapral otorize Vaksin sa yo nan Emirat Arab Zini,nan Brezil,nan Meksik,nan Chili ak nan Indonezi,nan Pakistan ak nan Wonngri.Lachín gen pou pi piti 4 Vaksin,Larisi gen 1 ,Vaksin sa yo itilize nan tout mond la.
Pami tout Vaksin sa yo se sèl Vaksin Spoutnik V a ki arive montre selon Lasyans efikasitel a 91.6 %.Vaksin sa li pran nan 2 fwa.Vaksin sa ta menm moutre efikasitel sou moun ki te asepte bay tèt yo pou yo pranl la san li pa fè twòp vyè efè apre yo fin pran li.

Commentaires
Enregistrer un commentaire